Refleksyon sou kilti lakay, pou nou konprann tèt nou pi byen!

Sit sa a Doktè Suze Mathieu, Ph. D. kreye se pou pataje ak tout ayisyen ki vle, ni sa k an Ayiti ni sa k lòt bò dlo, ak tout lòt moun sa enterese, yon seri lide (refleksyon) sou peyi nou ak kilti nou pou nou konprann tèt nou pi byen e rive pran peyi nou an chaj e fè l mache nan gou nou.

Nap jwenn lide sa yo sou fòm liv, atik, ak kou nivo inivèsitè, nou kapab suiv. Deja genyen sou sit la pati yon liv m ap ekri sou idantite ayisyen. Pati ki parèt depi 2005 lan rele : « Depi nan ginen nèg renmen nèg: Kreyòl ak demokrasi nan peyi d Ayiti ». Sa n ap jwenn andedan liv sa a se pati sou relasyon lang kreyòl ak demokrasi. Nou poko ap jwenn eleman ki marande ak premye pati tit la, ki se : « Depi nan ginen nèg renmen nèg ». Pati sa a nan wout toujou. Si nou poko jwenn li, se paske liv ki te nan tèt mwen an potko posib an lan 2000 lè m te kòmanse ekri l la. Se avèk devlopman teknoloji enfòmatik la, vin genyen dokiman sou tout fòm (ekri, foto, videyo) ki soti nan bibliyotèk toupatou sou latè, ki vin disponib sou entènèt ki fè liv la kapab pran chè, piti piti.

Pouki Sit Sa a

Depi Nan Ginen Nèg Renmen Nèg : Kreyòl ak demokrasi nan peyi d Ayiti

Tèks sa a se yon pati nan yon liv otè a ap ekri ki rele Depi nan Ginen Nèg Renmen Nèg Li poze pwoblèm kiltirèl ak idantite nan peyi nou an ak sa chak ayisyen kapab fè pou nou tabli sosyete tou nèf n ap chache a.

Pati sa a : Kreyòl ak demokrasi nan peyi d Ayiti a konsidere wòl lang kreyòl la nan chimen pou nou rive nan sosyete demokratik la ak plas lang kreyòl la dwe genyen pou sa fèt.