Prezantasyon

Suze M. Mathieu, Ph.D. fèt Pòtoprens nan lane 1959. Lè l te gen sèt (7) an li menm ak de (2) frè l yo te al viv an Repiblik Demokratik du Kongo (RDC an franse) ak manman l ak papa l ki t ap anseye matematik nan peyi sa a. Li te pase ennan ap viv la. Li te retounen viv ann Ayiti pandan dezan. Lè l te gen dizan (10) li te al viv Ozetazini. Nan tout deplasman sa yo, Doktè Mathieu te rive vizite plizyè vil ann Ewòp tankou : Madrid, Paris ak Amsterdam. Fanmi an te tabli li nan vil Nouyòk kote Suze pral fè tout rès etid primè ak segondè li.

Pandan li te Nouyòk li te trè aktif nan plizyè aktivite, espòtif ak kiltirèl. Li te manm koral lekòl fondamantal yo(P.S.115 ak JHS 52), ak manm ekip « cheerleading » JHS 52. Rive nan segondè John F. Kennedy, H.S. li te rive entegre ekip jimnastik ak volebòl yo pandan li te patisipe tou nan twoup dans modèn lekòl la, kote chak ane yo te fè espektak pou gran piblik la. Li te gradye ak onè kòm manm ARISTA, resevwa yon meday pou atlèt ki te gen pi gwo mwayèn akademik e li te klase twazyèm (3) sou yon klas ki te gen plis pase mil (1000) elèv.

Pandan menm peryòd la, Suze te trè aktif tou nan kominote ayisyèn nan Nouyòk. Li te travay nan Sant Ayisyen an Manhattan kote yo te resevwa ayisyen ki te fèk vini nan peyi a, pou ede yo entegre. Nan kad sa a li te anseye yo lang angle a, anplis patisipe nan aktivite pou jèn nan Sant lan, tankou twoup kiltirèl « Djumba », kote yo te jwe plizyè pyès teyat an kreyòl, ak dans kiltirèl ayisyen yo. Se la tou li pral rankontre pwofesè dans Louines Louinis ki pral envite l entegre twoup dans li an : « Louines Louinis Haitian Dance Theater », kote li ta pral vin youn nan dansè etwa l yo. Sete yon twoup wo kalib ki te rive fè espektak « Radio City Music Hall », e Suze te gen okazyon vwayaje ak twoup sa a reprezante Ayiti nan peyi tankou Kanada ak Kiba.

Suze M. Mathieu, Ph. D.

Li pral kite vil Nouyòk pou l al etidye antwopoloji kiltirèl nan Inivèsite Kònèl (Cornell University, Ithaca, NY). Malgre pwogram etid Kònèl la te trè di, Dr. Mathieu te rive gradye ak lonè (cum laude) akoz yon memwa sòti li te remèt sou dans ayisyèn nan kad espektak ak nan kad rityèl. Rechèch sa a te premye okazayon Suze te jwenn pou l rantre ann Ayiti, depi lèl te kite peyi a a laj de 10zan. Pandan l te Konèl la, li te entegre twoup dans afriken ameriken an « Uhuru Kuumba » jwe nan pyès teyat « Hair » anplis patisipe nan kreye « Le Club Haitien » yon òganizasyon etidyant ki te rasanble tout ayisyen sou kanmpus la. Se te yon klib ki te gen anpil siksè kote kominote inivèsitè a te toujou ap tann « Festival Ayisyen » li te òganize chak ane avèk patisipasyon plizyè atis (pent, dans, teyat…) entelektyèl… ki te soti nan vil Nouyòk ak lòt kote ankò. Dizan apre Suze te fin kite Kònèl, klib etidyan sa a te trè aktif toujou sou kanmpus la.

Rive Enndiyana Inivèsite (Indiana University, Bloomington) kote l fè yon Doktora (1991) toujou nan antwopoloji, Doktè Mathieu te toujou kontinye aktif nan nivo sosyal kote l te entegre asosiyasyon etidyan afriken yo « African Student Association » ki te fè plizyè aktivite pou mete kilti Afriken ak Ayisyen yo an valè.

Akoz eksperans li nan kominote Ayisyèn lan nan Nouyòk, li te rive peye etid doktora li yo nan anseye lang kreyòl ayisyen pou « Creole Institute » ki te nan Inivèsite Enndiyana a. Anplis de sa li te anseye antwopoloji pou depatman Antwopoloji a. Nan kad sa a li te rive al fè plizyè semèn rechèch antwopolojik sou Zile la Dominik, nan Karayib la paske, la, yo pale yon kreyòl ayisyen kapab konprann. Eksperyans li nan diferan twoup dans yo te pèmèt li okipe pòs Asistan Direktè « Afro American Dance Company » ki te alafwa yon kou ak yon twoup dans nan inivèsite a.

Lè lè a te rive pou fè rechèch teren pou tèz doktora a, Doktè Mathieu te aplike pou plizyè finansman li pat rive jwenn, alò li te deside pa pèdi yon lòt ane ankò nan fè lòt aplikasyon ki gen dwa pa reyisi e li te apiye sou fanmi li te genyen ann Ayiti pou l fè rechèch la. Kidonk, li te pase twa (3) zan olye de en (1) an ki prevwa nòmalman pou etid teren yo etan done li te oblije travay tou e jere sitiyasyon politik la ki te trè konplike nan epòk la (1986-1989). Se konsa li te rive kanmèm remèt tèz la sou « Transfòmasyon Legliz Katolik ann Ayiti » (The Transformation of the Catholic Church in Haiti) an janvye 1991 pandan li t ap anseye nan Bates College Ozetazini.

Eksperyans twa (3) zan rechèch teren sa yo te fè li devlope anpil kontak pwofesyonèl ann Ayiti e sa te pèmèt li te kapab retounen vin travay nan peyi a, espesyalman li te patisipe nan kreye yon biwo etid ki te rele : « Bureau de Recherche et d’Exécution pour le Développement Agricole » (BREDA). Se konsa Doktè Mathieu pral fè pifò karyè pwofesyonèl li ann Ayiti nan travay kòm pwofesè chèchè diferan inivèsite tankou : Inivèsite Kiskeya (UniQ), Inivèsite Leta Ayisyen (UEH), Sant Entèenstiti pou fòmasyon relijyez (CIFOR)…ak fè rechèch kòmandite pou diferan enstitisyon nasyonal ak entènasyonal. Travay sa yo te louvri pòt pou vwayaje nan lòt peyi toujou tankou Almay, Panama, Trinidad ak Tobago, Benin….

book lot on table
book lot on table

Doktè Mathieu vin gen eksperyans politik tou nan travay kòm konsiltant plizyè kote tankou Nasyonzini, nan Kabinè Sekretè Leta Alfabetizasyon, Kabinè Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm, Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ), e li te manm yon Komisyon Prezidansyèl sou Sekirite Piblik (2007-2009).

De 2007 – 2012 antan Ofisyèl Leta Ayisyen, Doktè Mathieu okipe pòs Direktè Jeneral (DG an franse) Biwo Nasyonal Etnoloji (BNE) ki se yon enstitisyon Jacques Roumain te kreye an 1941 pou fè rechèch sou kilti ayisyen an, pou Ayisyen kapab konn tèt yo pi byen. Pami sa li te rive reyalize nan BNE a, nou kapab site:

  • Kreyolizasyon BNE a. Se petèt premye enstitisyon Leta Ayisyen ki te fonksyone an kreyòl sèlman ni aloral ni alekri pandan senk (5) an Doktè Mathieu te DG a;

  • Ekspozisyon foto itinerant, zèv fotograf Kesler Bien-Aimé “Les Morceaux de L’Empereur”. Se te yon ekspozisyon foto, sou Anperè Desalin, ki te gen anpil siksè nan tout vil ki te resevwa l yo nan sikisal Bibliyotèk Nasyonal yo, tankou: Pòtoprens, Akayè (an de fwa), Kwadèboukè, Jakmèl;

  • Anplwaye BNE yo te retounen fè rechèch teren ankò nan diferan kote nan peyi a, sou tèm tankou: “Lakou tradisyonèl” yo ak “Rara”… Latibonit, Jakmèl, Laplenn, Kenskòf, Segen,…

  • Alokazyon swasanndizyèm (70) anivèsè kreyasyon BNE a, an 2011, li te rive fè nèf (9) “Konferans Espektak”, nan lakou BNE a, sou dans ak mizik tradisyonèl ayisyen yo avèk kolaborasyon Teyat Nasyonal (TN), Enstiti Nasyonal Ar (ENARTS) ak Televizyon Nasyonal D Ayiti (TNH). Konferans espektak sa yo te rive gen yon reyonman nasyonal ak entènasyonal kote nou te resevwa konpliman soti nan plizyè peyi tankou Kanada, USA ak Brezil;

  • BNE a te rive jwe yon wòl nan fè lage yon sitwayèn Ayisyen otorite Florid, Ozetazini te arete paske li t ap fè remèd pou yon ti pitit gason l ki te gen twa (3) mwa. Yon vwazen te mal konprann e fè arete l pou “abi seksyèl” sou timoun nan. BNE a te rive fè jij konsène a konprann gen tretman ki konn fèt konsa ann Ayiti lè yon timoun gen difikilte pou l pipi. Sou lyen sa a n ap jwenn atik jounal ki pale sou sa: (http://ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/88/09/00470/08-17-2011.pdf (p. 15) )

Apre li fin kite BNE a, li plis chita sou rechèch sou idantite ayisyen kote li rive devlope ak modifye plizyè kou sou kilti ayisyen an ak chèche fini liv ki te kòmanse parèt an 2005 lan anba tit: Depi nan Ginen Nèg Renmen Nèg; Kreyòl ak Demokrasi nan Peyi D Ayiti. — (Me 2022)

Sit Sa a

Sit sa a Doktè Suze Mathieu,Ph.D. kreye se pou pataje ak tout ayisyen ki vle, ni sa k ann Ayiti ni sak lòt bò dlo, ak tout lòt moun sa enterese, yon seri lide ( refleksyon) sou peyi nou ak kilti nou pou nou konprann tèt nou pi byen e rive pran peyi nou an chaj e fè l mache nan gou nou.

Nap jwenn lide sa yo sou fòm liv, atik ak kou, nivo inivèsitè, nou kapab suiv. Deja, genyen sou sit la pati yon liv m ap ekri sou idantite ayisyen. Pati ki parèt depi 2005 lan rele : « Depi nan ginen nèg renmen nèg : Kreyòl ak demokrasi nan peyi d Ayiti ». Sa n ap jwenn andedan liv sa a se pati sou relasyon lang kreyòl ak demokrasi. Nou poko ap jwenn eleman ki marande ak premye pati tit la, ki se : « Depi nan ginen nèg renmen nèg ». Pati sa a nan wout toujou. Si nou poko jwenn li, se paske liv ki te nan tèt mwen an potko posib, an lan 2000 lè m, te kòmanse ekri l la. Se avèk devlopman teknoloji enfòmatik la, vin genyen dokiman sou tout fòm (ekri, foto, videyo) ki soti nan bibliyotèk toupatou sou latè, ki vin disponib sou entènèt ki fè liv la kapab pran chè, piti piti.

Men, m paka ale pi vit pase sa k ap parèt yo, e sitou sa pran tan pou konsilte tout dokiman sa yo, pandan m ap aprann sèvi ak teknoloji a ak tout nouvo règ ki vin devlope, yon chèchè oblije aprann e respekte. Kidonk, pran pasyans toujou, liv la nan wout, e n ap wè aklè pouki mwen di : « Depi nan ginen nèg renmen nèg ! ».

Annatandan, sit sa a ap sèvi tou pou etidyan k ap suiv kou avè m yo (an prezansyèl) jwenn dokiman y ap bezwen ki mache ak kou yo. Genyen tou yon espas piblikasyon meyè devwa rechèch etidyan yo remèt sou kilti ayisyen an.

Pou n fini, n ap jwenn yon seri sèvis pwofesyonèl Doktè Mathieu ofri, sou seminè ki kapab fèt sou kilti ayisyen pou enstitisyon ki enterese ak enfòmasyon ak dokiman administratif an kreyòl, toujou, pou enstitisyon sa enterese.