Kisa Endepandans D Ayiti a fè pou limanite (premye pati)

Suze M. Mathieu

11/6/20235 min read

            Pou nou sonje kiyès nou ye Ayisyen !

Kisa Endepandans D Ayiti a fè pou limanite, sa vle di pou tout lòt pèp sou latè ? (Premye pati)

Repons : Endepandans lan « fè moun vin moun » toupatou sou latè !

          Endepandans Ayiti a fè lide moun pa gen dwa machandiz la pase nan tout mond lan. Paske se prèske toupatou sou latè anpil anpil moun, tout kalite tout koulè, te ann esklavaj. Epi sosyete yo te twouve sa nòmal paske sa te fè trè, trè lontan, plizyè mil an (1000) menm, gen yon seri sosyete ki te toujou gen esklavaj lakay yo. Sosyete tankou Lachin, End, Mwayen oryan (Iran, Irak, Palestin, Izrayèl, Arab yo,…), Lagrès, Wòm, Ewòp an jeneral, Ejip, Mongòl yo, Kretyen yo ak Mizilman yo tou, pou nou site sa yo sèlman ;

Kidonk, Leta Ayisyen ki vin ann egzistans apati yon revòlt esklav epi ki rive kreye yon nouvo peyi, ki rive kenbe devan lemond antye, sou fòs zam li, malgre « vanzemare », se yon gwo, gwo, gwo koze. Sa te rive frape lespri tout moun toupatou sou latè ki aprann nouvèl sa a ; paske yo pat panse se yon bagay ki te posib.Yo te panse li te nòmal, natirèl pou gen esklav nan yon sosyete.

          Se egzistans peyi D Ayiti ki fè anpil moun toupatou sou latè vin pran konsyans li posib pou gen sosyete san esklav, paske nou kreye sosyete sa a, epi nou rive kenbe. Nou pa janm remete lesklavaj ankò. Malgre tout jefò zòt fè, malgre tout manti yo bay sou do nou, nan di pa ekzanp : « restavèk se esklavaj modèn ». Se pa vre, se manti ! Restavèk pa esklav ! (M ap eksplike poukisa nan yon lòt tèks pi devan.)

           An reyalite nou pwodui yon sosyete ki chita sou baz « Onè, Respè » pou tout moun ! Se pa yon aza lè nou wè yon ayisyen ale kay yon lòt ; li frape nan baryè a epi li di : « onè ! » epi moun nan kay la reponn « respè !» Daprè mwen, se yon fason nou raple tèt nou, tout tan, sou ki baz, sou ki prensip sosyete nou an kreye, epi dwe fonksyone tout tan. Menm lè nou pa konsyan de sa ankò. Nou konn di se « lizay », se sa ki fè nou di « Onè, respè ». Men, se plis ke « lizay » se prensip, fondman sosyete nou an. ONÈ, RESPÈ POU TOUT MOUN !

          Sou menm tè zansèt nou yo t ap travay, anba fwèt, maltretans ak derespektan pou yo pwodui twa (3) oubyen kat (4) danre pou kolon yo al vann sou mache entènasyonal la pou yo ka viv tankou potanta nan peyi yo Lafrans ; apati revolisyon ayisyèn nan, nou transfòme peyi a nèt.

            1. Nou chanje sistèm ekonomik lan nèt, olye pou nou ap pwodui pou yon mache entènasyonal nou chanje sistèm nan kote nou pwodui pou moun nan peyi a anvan. Kisa sa bay kòm konsekans ? Sekirite alimantè pou tout moun! Sou lakoloni te souvan gen « famin » ki vle di grangou nan peyi a paske se Lafrans sèlman ki te gen dwa founi koloni an manje. Kidonk lè bato pat rive atan, lè pwodui yo pèdi osnon gate nan chimen, moun nan koloni yo te konn nan grangou, paske moun paka viv ak kann, kafe, kakawo, digo, tabak ak koton sèlman. Kidonk, Ayiti vin gen yon divèsite nan pwodiksyon agrikòl li an, kote nou pwodui tout bagay pou ni moun, ni bèt byen manje ; apre sa, nou voye sa ki anplis yo nan mache nou kreye toupatou nan peyi a. Gen kèk kote ki kontinye pwodui danre pou mache entènasyonal la, men se pa pwodui sa yo ki kontinye okipe pifò tè ki an pwodiksyon yo, jan sa te konn fèt sou lakoloni. Kounnye a moun jwenn manje pou yo byen manje epi byen viv, an sante ak kè kontan.

            2. Nou chanje sistèm òganizasyon travay la nèt. Olye pou nou ap travay nan lapenn, nan soufrans anba fwèt ak imilyasyon, kote menm yon moso kann nou pat gen dwa goute. Nou vin travay nan « tèt ansanm » nan mete sou pye yon sistèm òganizasyon travay nou rele : konbit, konvre, eskwad, mera, douvanjou,… ki chita sou baz respè youn pou lòt ak kolaborasyon. Olye de travay fòse, nou fè echanj travay. Jodi a, tout moun kontre pou travay tè « konpè entèl », demen se tou pa yon lòt nan ekip la. Se konsa tè tout moun travay, plante 2 nan lè sa dwe fèt pou lè lapli tonbe. Epi sa fèt nan lajwa ak kè kontan, paske moun k ap resevwa travayè yo sou tè li, dwe ba yo manje, bwè ak mizik agogo. Kidonk, travay la fèt nan lajwa ak kè kontan. Konsa, rezilta a pi efikas, epi kalite manje a pi bon tou, paske daprè rechèch syantifik ki fèt, plant pi pwofite epi bay pi meyè kalite lè yo evolye nan yon anviwonman kote gen vibrasyon ak lide pozitif. (Nan yon lòt tèks m ap devlope lide sa a piplis). Si nou konsidere de (2) premye chanjman sa yo sèlman, mwen kwè se sa kèk ekonomis vle di lè y ap pale de « ekonomi solidè a ».

          3. Nou chanje sistèm amenajman teritwa a. Kote sistèm nan te chita sou gran plantasyon agrikòl ki t ap pwodui pou mache lòt bò dlo, kote moun ki te sou plantasyon yo te mèt ak esklav. Nou chanje sa ! Nou amenaje teritwa a sou baz « lakou », « bitasyon », « demanbre »…Nan espas sa yo nou jwenn se fanmi k ap viv la. Fanmi ki òganize yo yon fason pou yo byen viv nan tèt ansanm youn ak lòt ak vwazinaj tou ; paske pwovèb la aprann nou : « vwazinaj se fanmi ». Nan lakou sa yo nou òganize byenèt nou tout. Kifè se nan espas sa yo nou jwenn tout sa yon moun bezwen pou li byen viv tankou : kay pou nou rete, jaden potaje, ki pre kay la, pou nou manje ; tout kalite plant ak moun ki gen konesans ak konpetans pou geri moun de tout kalite maladi. Se la tou, nou jwenn fòs espirityèl nou, paske se nan lakou familial yo nou sèvi lwa yo ak zansèt nou yo, epi se la tou nou aprann pwochen jenerasyon yo tout sa yo dwe konnen pou yo kontinye byen viv, kidonk sa nou ka rele « lekòl vodou a ».

            4. Epi nou frape tanbou nou lè nou vle ! (Jan Norluck Doranj konn di sa.)

Kidonk, espektak sa a bay tout moun ki te nan esklavaj, toupatou sou latè espwa yo ka viv lib tou, yon jou. Si ayisyen kapab fè sa, yo kapab fè li tou. Epi sa fè toupatou sou latè moun vin ap goumen pou yo vin lib tou. Pou yo respekte dwa « moun » yo. Pou yo kapab viv nan libète tou, menm jan ak Ayiti, kote lide « dwa de lòm » nan, pran chè toutbon vre.

                                                                                                                                                                                                                                                      Se Suze M. MATHIEU,                                    Pwofesè Inivèsite Leta Ayisyen (ILA)

Ki voye mesaj sa a pou nou.

                                                                                                                 Referans

Atlas agricole d'Haïti (agriculture.gouv.ht) (Konsilte 25 sept. 2023)

(46) Les anneaux de la memoire une histoire des esclavages - YouTube (Konsilte 25 sept. 2023