Kisa Endepandans Lan Fe Pou Nou
Pou nou songe kiyes nou ye ayisyen
Suze M. Mathieu Ph.D
11/6/20234 min read
Repons : Endepandans lan pwoteje ak garanti libète a !!!
Mwa Dawou 1791 zansèt nou yo revòlte kont blan franse ki t ap maspinen yo apre yo te fin kidnape yo ann Afrik, kote yo te lib, mete yo ann esklavaj, fòse yo travay san pran souf jiskaske yo mouri byen jenn, ni fanm ni gason. Zansèt nou yo pat gen dwa gen fanmi vwa pou zanmi.Yo te fòse yo batize nan Legliz Katolik Apostolik Womèn. Dayè uit (8) premye atik Kòd Nwa a te tabli pouvwa Legliz Katolik Apostolik Womèn nan koloni an. Se li sèl kòk chante ki te gen dwa jwenn tout avantaj. Zansèt nou yo pat gen dwa posede anyen, dayè se yo menm, kolon yo te fè tounen machandiz.
21 Janvye 1793 nan boulvèsman revolisyon fransèz la, yo koupe tèt Wa Lafrans lan Louis XVI. Etandone wa a te kouzen Wa Espay la, Charles IV ; L’Espay montre li pat kontan lè li te refize resevwa anbasadè franse a. Lè sa a Lafrans vekse epi li deklare lagè kont Lespay. Lagè a dire de (2) zan. Lè yo siyen lapè nan Trete Bâle la 22 jiyè 1795, yo te antann yo pou Lafrans remèt tout teritwa Espay li te okipe ann ewòp yo, ann echanj pou pati Espayòl Sendomeng lan, se konsa Lafrans te vin kontwole tout zile a, ni pati fransèz ni pati espanyol zile Ayiti a nan lane 1795.
29 Dawou 1793, Komisè Sonthonax, Lafrans te voye vin kalme revòlt esklav yo nan pati franse koloni an, oblije rekonèt pat gen fè bak nan koze libète pou tout moun nan, li fè soti yon pwoklamasyon, nan non Lafrans pou di tout moun lib nan zòn nò koloni Sendomeng lan.
Mwa Sektanm 1793 Lòt komisè Lafrans te voye vin kalme koze a, Polvérel, ratifye pwoklamasyon Sonthonax la pou zòn lwès ak sid la nan Koloni Sendomeng lan 20 sektanm 1793.
Mwa Fevriye 1794 Asanble Jeneral, nan peyi Lafrans rekonèt epi konfime dekrè ni Sonthonax ni Polverèl la pou Koloni Lafrans yo toupatou sou latè. Men, apa Sendomeng ki te deja bay tèt li libète, se La Gwadloup ak Giyàn Fransèz sèlman ki te rive aplike lwa sa a. Lòt koloni ki te nan Oseyan Endyen yo pat respekte sa ki te vote an Frans lan. Epi Matinik li menm pat konsène paske kolon Matinikè yo te gentan pase koloni an bay Angletè nan yon akò yo te siyen White hall 19 fevriye 1793.
Mwa Jiyè 1801 Tousen Louvèti pibliye konstitisyon li an pou tout zile a. Sa ki konfime libète pou tout moun sou tout zile a paske tout zile a te nan men Lafrans depi 1795. Kidonk, se Tousen Louvèti ki bay pèp dominiken premye libète yo soti anba lesklavaj. (Yo pral gen yon dezyèm abolisyon nan lane 1922 lè Boyer rantre an R.D. Se premye zak li poze, se aboli definitivman lesklavaj franse ak espanyòl te remete apre Tousen te aboli li. Pou n fini, se Geffrard ki pèsonèlman negosye endepandans R.D. pa rapò ak Lespay nan lane 1865).
Mwa Fevriye 1802 Napoléon Bonaparte voye yon ekspedisyon militè ki te genyen senkannsenkmil (55,000) òm nan koloni Sendomeng pou retabli lesklavaj. Se konsa zansèt yo vin konprann libète a pat garanti, depi yo te rete kole avèk Lafrans. Gen yon lòt ekspedisyon 10,000 òm ki te al retabli lesklavaj La Gwadloup, sa ki te rive fèt. Lè zansèt nou yo, pran nouvèl sa a, Papa Dessalines antèt di : Pa gen sa pyès ! Yo manche zàm yo, pwente yo sou blan franse epi blende lame Napoleyon an ak plon, kote pi gwo viktwa a te fèt Vètyè jou ki te 18 novanm 1803 a. Epi 1e janvye 1804 yo deklare endepandans lan. Se konsa yo te rive garanti libète a pou tout moun jis jounen jodi.
Nan tout lòt koloni fransèz yo, malerezman lòt frè ak sè nou yo, afriken ak metis yo retounen nan esklavaj ankò apre uit (8) lane libète yo te jwi gras ak Bwa Kayiman, epi avèk pwòp jefò pa yo tou ki te revolte kont Lafrans tou. Se jis 27 avril 1848 yo ta pral rejwenn libète jeneral pa yo a.
Kidonk zansèt nou yo te oblije pran endepandans yo de Lafrans, epi de tout lòt puisans esklavajis, pou yo te kapab garanti libète a pou nou tout. Bon gre, mal gre, se egzistans Leta 2 Ayisyen ki garanti libète tout ayisyen ak anpil lòt pèp sou latè jis jounen jodi. Ayiti pap peri !
Ayiti pa ka peri ! Ayiti pa gen dwa peri !
Referans
Fouchard, Jean (1972) Les Marons de la Liberté. Paris. Editions De L’Ecole.
La première abolition de l'esclavage en France - Avec Marcel Dorigny.
(35) La première abolition de l'esclavage en France - Avec Marcel Dorigny - YouTube
https://www.youtube.com/watch?v=KfNA4jAtiZQ
sou chèn youtube : Les Anneaux de la Mémoire (Konsilte 13 septanm 2023)
1848, la seconde abolition de l'esclavage en France - Avec Marcel Dorigny
(35) 1848, la seconde abolition de l'esclavage en France - Avec Marcel Dorigny - YouTube
https://www.youtube.com/watch?v=CizWuY-YKqI
sou chèn youtube : Les Anneaux de la Mémoire (Konsilte 13 septanm 2023)
Lentz, Thierry Traité de Whitehall — Wikipédia (wikipedia.org) ( Konsilte 12 sept. 2023)
Les relations franco-espagnoles. Réflexions sur l'avant-guerre (1789-1808) - napoleon.org (Konsilte 9/9/2023)
Pierre-Eugène de Lespinasse ; Jean Price-Mars ; Agustin Ferrer Gutiérrez, nan :
Haiti et la restauration de l’indépendance dominicaine.