Nou pat fe endepandans pou devlopman
Suze M. Mathieu
11/6/202310 min read
Pou nou toujou sonje kilès nou ye Ayisyen !
Nou pa t fè endepandans pou « devlopman » !
Nou te fè endepandans pou moun vin moun!
Vrè kesyon revolisyon ayisyèn nan te poze se : Kisa moun ye ? Ki tretman moun merite ?
Nan fen dizuityèm (18èm) syèk la (ane 1700 yo) te genyen twa (3) gwo revolisyon nan mond lan, ki transfòme mond lan. Twa (3) revolisyon sa yo se te:
1) Revolisyon amerikèn nan 1776 – 17 83 (7 lane). Li fini lè Angletè siyen Trete de Paris a avèk ameriken, jou ki te twa (3) septanm 1783, kote yo rekonèt endepandans Etazini Damerik la ;
2) Revolisyon fransèz la 1789 – 1799 (10 lane). Li fini lè Napoléon Bonaparte, fè yon « coup d’état » epi li pran pouvwa a an Frans. Lè sa a, Lafrans rantre nan yon kont revolisyon ;
3) Revolisyon ayisyèn nan 1791 – 1804 (13 lane) Li fini 1 e . janvye 1804, lè Jean Jacques Dessalines deklare endepandans lan devan lemond antye, sou Plas zam Gonayiv la.
Kri lagè, revolisyon amerikèn nan se te « pa gen taksasyon san reprezantasyon ». Se te yon revolisyon ki te fèt pou lajan. Pou pitit, pitit, pitit kolon yo ki te fèt nan trèz (13) koloni angle yo ann amerik dinò, pou se yo ki touche lajan taks, osnon enpo, yo te blije voye bay Angletè regilyèman. Kolon yo te vle : si pou yo kontinye peye taks, se pou yo te patisipe nan fè lwa sa yo tou. Se konsa yo te mande pou koloni yo gen reprezantan pa yo nan Palman Angle a pou defann dwa pa yo ; epitou pou yo te kapab fè komès ak tout lòt peyi yo vle, olye de voye tout sa yo pwodui bay Angletè sèlman, kote se metwopòl anglè a ki deside pri y ap bay pou machandiz yo. Men Angletè te refize bay dwa sa yo, epi lagè pete.
Kri lagè revolisyon fransèz la sete : « libète, egalite, fratènite » kote yo te fè yon deklarasyon yo te rele : « Deklarasyon dwa de lòm ak sitwayen » ki te vote 26 dawou 1789. Dwa sa yo te prevwa pou gason blan sèlman ; menm fanm blanch fransèz pat ladan li, vwa pou esklav afriken nan koloni yo. Yon fanm yo te rele Olympe de Gouges te pèmèt li ekri yon tèks ki te rele : « Deklarasyon de la fam et de la sitwayèn » (« Declaration de la femme et de la citoyenne » -an franse) (septanm 1791) yo te rive koupe tèt li an 1793, san yo pa janm adopte deklarasyon li an. Jis jounen jodi, (2023) fanm an Frans ap goumen toujou pou egalite dwa ak gason yo.
Kri lagè, revolisyon pa nou menm Ayisyen an, sete : « Libète ou lanmò ! ». Sete yon revolisyon esklav, kote se moun ki te ann esklavaj yo, fi kou gason, granmoun kou timoun, se yo, ki te fè revolisyon an, pou yo te kapab granmoun tèt yo, epi soti anba maltretans ak imilyasyon. Pou yo te kabap viv lib nan respè ak diyite. Pou yo te kapab gen fanmi ak zanmi san pat gen mèt k ap vann yo adwat agòch, jan yo te pi pito. Pou yo te kapab gen madanm ak pitit kolon pat kouche osnon fè kadèjak sou yo, jan yo pi pito san konsekans pou kolon yo. Pou yo te kapab rantre soti lakay yo san yo pat oblije gen yon pèmisyon kolon an te ekri sou papye pou sa ; pou yo te kapab travay epi fè pwòp byen pa yo, pou se pa kolon an ki benefisye fwi travay sa a ; pou yo te kapab repoze yo lè yo te fatige travay ; pou yo te jwenn bonjan swen lè yo te malad ; pou yo te sispann pèdi moso nan kò yo, kòm pinisyon osnon nan aksidan, tankou lè bra yo te konn pran nan moulen kann ; pou yo te sispann lage chen mechan dèyè yo lè yo te konn chèche sove lè yo pat kapab ankò, pou yo te kapab aprann li ak ekri, sa ki te kont lalwa ;… Kidonk, « libète ou lanmò » ki vle di : nou pito mouri nan batay pou libète olye pou nou kontinye viv konsa. Men ki vle di tou, swa nou lib, swa n ap touye w kolon! Revòlt sa a, sete kont kolon franse yo li te fèt, paske sete pou yo koloni Sendomeng nan te ye nan epòk la.
Kidonk, prensip « dwa moun » nan, se revolisyon ayisyèn nan ki bay li, se pa ni revolisyon amerikèn ni revolisyon fransèz ! Se katrevende (82) zan apre lane 1783 Etazini Damerik ta pral 2 libere prèske kat milyon (4,000,000) moun li te kenbe ann esklavaj toujou ; avèk 13èm amandman nan konstitisyon li an. Pou Lafrans menm, se revòlt zansèt nou yo ann Ayiti (ki te rele Sendomeng nan epòk la) ki te fòse Lafrans rekonèt libète a an fevriye 1794. Men, nan lane 1802, Napoléon Bonaparte te rive remete esklavaj la ankò nan tout koloni fransèz yo, sòf pou Sendomeng ki pral vin tounen Ayiti. Se jis nan lane 1848, sou yon gouvènman pwovizwa an Frans, senkannsèt (57) lane apre Bwa Kay Iman, Lafrans pral fini pa aboli lesklavaj ankò pou lòt koloni li yo.Yo te oblije fè sa paske esklav te kontinye revòlte toupatou, nan tout koloni ewo kretyen yo pandan tout diznevyèm syèk la (ane 1800 yo). Lafrans te pè yon lòt Sendomeng/Ayiti, kidonk yo te deside pran devan. Se aprepè desansenkantmil (250,000) moun ki te libere lè sa a. Se sèl revolisyon ayisyèn nan, ki fèt pou tout moun, ni fi, ni gason, ni granmoun, ni timoun tout kalite tout koulè vin MOUN ! Pou tout moun viv Lib, ak onè, respè ak diyite. Epi tout moun sa yo benefisye libète a toutbon vre, jis jounen jodi, epi pou tout tan ! San nou pa bliye, apre lendepandans, konbyen milye lòt, ki t ap kouri pou lesklavaj lòt kote sou latè epi ki vin lib, epi vin sitwayen ayisyen, otomatikman yo te mete pye yo sou tè D Ayiti. Se pou tout rezon sa yo, nou konn di : « Ayiti se manmman libète ! ».
Revolisyon ayisyèn nan se sèl revolisyon kote moun ki te genyen lagè a pat egzije pèdan yo peye gwo lajan, pandan plizyè ane, sa yo rele « tribut » a, an franse. Libète yo te batay pou li a, ak yon peyi ki rele yo, chè mèt, chè mètrès te ase pou revolisyonè sa yo, ki pat menm jan ak tout lòt. Se sèl revolisyon ki te oblije peye kolon an ankò, ak lajan, sa li te deja peye avèk san, pou li te kapab kontinye pwoteje epi garanti libète a pou tout pitit li yo. Se sa yo rele « dèt de lendepandans » Ayiti te peye Lafrans pandan apeprè san(100)lane. Malgre Leta Ayisyen t ap peye gwosè dèt sa a, li te toujou fè sa li te kapab pou li ede tout lòt pèp ki t ap batay pou libète epi aplike yon politik entènasyonal pou fè lide libète pou tout moun nan pase toupatou nan mond lan, menm nan Nasyonzini. Se konsa nou rejwenn Emile Saint-Lot, kòm reprezantan Ayiti, Nasyonzini nan lane 1948. Li te manm komisyon ki te gen responsablite pwodui dokiman : « Deklarasyon Dwa Moun » Nasyonzini an. Se Emile Saint-Lot, ki te gen lonè li dokiman sa a pou premye fwa devan asanble a, pou reprezantan chak peyi manm vote, epi adopte. Se tèks sa a Nasyonzini ap itilize jis jounen jodi.
Egzistans Leta Ayisyen rive fè lemond konprann, kapab gen sosyete san esklav. Dayè, egzistans peyi D Ayiti sèlman pwouve sa. Epi la a, Leta Ayisyen te rive gen yon gwo, gwo, viktwa tou, paske li te fini pa fè ansyen peyi kolon esklavajis yo (kit franse, kit angle, olandè, ameriken, kanadyen, …) rekonèt li kòm peyi endepandan, souvren, epi louvri relasyon diplomatik ak komèsyal ofisyèl avèk li. Sa a, se yon gwo reyisit Leta Ayisyen pandan diznevyèm (19èm) syèk la (ane 1800 yo), paske se ansyen kolon yo menm, li rive fè rekonèt endepandans lan. Epi, ki di rekonèt endepandans, di rekonèt li posib epi akseptab pou genyen sosyete san esklavaj. Sa ki fè youn dèyè lòt peyi pral aboli lesklavaj. Kidonk, mond modèn sa a, n ap viv ladan li an, kote lide « dwa de lòm », mwen pito di « dwa moun » nan, ap klewonen toupatou, egzistans peyi D Ayiti ak diplomasi ayisyèn nan pou bokou, nan kreye mond « modèn » sa a. Malerezman yo pa janm aprann nou sa lekòl !
Misyon nou kòm ayisyen poko fini, paske gen kote toujou sou latè esklavaj kontinye feraye, tankou nan mond mizilman an. Pa ekzanp, sete nan lane 2017, CNN te bare Peyi Libi ki t ap vann migran afriken nan yon mache esklav. Sa pa dwe janm fèt ! Antan Ayisyen, se pou nou toujou kontinye batay pou libète moun toupatou, kòmanse pa lakay pa nou, pou nou toujou veye epi konsolide libète a, respè a, onè a ak diyite a pou tout moun.
Malgre li t ap peye yon dèt endepandans ki te lou anpil pou li, Leta Ayisyen te kontinye apiye, tout jan li te kapab tout lit pou libète toupatou sou latè. Kifè, nou pat fè revolisyon pou « devlopman » ki se yon teyori ki parèt nan lane 1960 yo. Sanswasantnèf (169) lane apre Bwa Kay Iman. Nou pa kapab jije reyisit revolisyon ayisyèn nan sou baz konsèp ki pot ko menm egziste nan epòk la. Nou dwe jije revolisyon an, ak tout lòt bagay, sou baz objektif ki te prevwa, epi si yo atenn objektif sa yo! Objektif revolisyon ayisyèn nan sete libète pou tout moun. Objektif la atenn plis ke san pou san (100%). Nou te fè revolisyon pou ideyal ki pi gran pase « devlopman ». « Devlopman » se 3 akimilasyon byen materyèl pou yon ti minorite « tou zuit » nan yon sosyete. Nou te fè revolisyon pou nou soti anba maltretans ak imilyasyon ; objektif sa yo plis ke atenn! Non sèlman nou soti nan maltretans ak imilyasyon, men nou tout vin sitwayen yon peyi tou nèf, kote nou menm rive akeyi plizyè lòt k ap kouri pou esklavaj ak maltretans tout lòt kote sou latè !
An reyalite revolisyon ayisyèn nan poze yon kesyon ki pi pwofon pase « devlopman ». Kesyon an se : « Kisa moun ye ? Ki tretman moun merite ? » Repons revolisyon ayisyèn nan bay: Moun sakre ! Moun pa machandiz ! Moun merite byen viv, ak onè respè ak diyite. Se sou ideyal sa yo sosyete ayisyèn nan chita ! Sosyete fèt pou òganize pou byenèt moun, pa pou sèvi ak moun kòm « resous imèn » pou pwodui de (2) ou twa (3) danre pou al vann nan mache lòt bò dlo, pandan pifò popilasyon an ap mal viv :sosyete fèt pou òganize pou byenèt moun !
Se Suze M. MATHIEU, Ph.D
Pwofesè Inivèsite Leta Ayisyen (ILA)
Ki voye mesaj sa a pou nou.
Bibliyografi
1) Arthus, Weibert
2021 Haïti et le monde. Deux siècles de relations internationales. Mise en page et couverture : Alexandre Fritz Arios.
2) Dorigny, Marcel
2018 Les abolitions de l’esclavage (1793-1888). Paris : Presses Universitaires de France/Humensis.
Webografi
3) Bonchamp, Lazare
14 Janvye 2022 Révolution américaine et naissance des Etats-Unis (Konsilte 29 sept. 2023)
4) Causes de la révolution américaine — Wikipédia (wikipedia.org) (Konsilte 29 sept. 2023)
5) (11) DE LA PREMIERE A LA DEUXIEME ABOLITION DE L' ESCLAVAGE - YouTube (Konsilte 18 sept. 2023)
6) de Gouges, Olympe 1791 Declaration des droits de la femme et de la citoyenne Source: http://www.siefar.org/docsiefar/file/Gouges-Déclaration.pdf (Konsilte 9 oktòb 2023)
7) Les droits des femmes en France (journaldesfemmes.fr) (Konsilte 12 oktòb 2023)
8) Lochhead, Robert
10 fév. 2004 Cours de formation MPS no.4
Les révolutions bourgeoises : La Ré vo l u t io n f ra n ça i se 1 7 8 9 - 1 8 1 5 (Konsilte 7 oktòb 2023).
La déclaration des droits de l'homme et du citoyen | Élysée (elysee.fr) (Konsilte 9 oktòb 2023)
9) Olympe de Gouges — Wikipédia (wikipedia.org) (Konsilte 9 oktòb 2023)
10) Schœlcher,Victor
Révoltes noires au XIXe siècle (Le Monde diplomatique, août 1982) (monde-diplomatique.fr) (Konsilte 16 oktòb 2023)
11) SK
Chronologie des révoltes d'esclaves du XIVe au XIXe siècle (nofi.media) (Konsilte 16 oktòb 2023)
12) Türk,
Volker 08 Février 2023 « Remarques de Volker Türk en Haïti, lors d'une cérémonie commémorant le 75e anniversaire de la Déclaration universelle des droits de l'homme » https://www.ohchr.org/fr/statements-and-speeches/2023/02/volker-turk-haiti-ceremonycommemorating-75th-anniversary-universal (Konsilte 12 oktòb 2023)
13) (11) Esclavage en Libye : des Camerounais témoignent - YouTube (Konsilte 18 oktòb 2023)
14) (11) Rescapé de l'enfer de l'esclavage en Lybie, Alpha Kaba témoigne - YouTube (Konsilte 18 oktòb 2023)
15) (11) Le calvaire de Zunera et Shaïsta, esclaves sexuelles à Dubaï - YouTube (Konsilte 18 oktòb 2023)
16) (11) Marie, chrétienne et esclave vendue 13 fois par Daech - YouTube (Konsilte 18 oktòb 2023)
17) (11) Intégrale Kiosque du 19/11/17 : LIBAN, ESCLAVAGE EN LIBYE, CHUTE DE MUGABE, COP23 - YouTube (Konsilte 18 oktòb 2023)
